Chwazi plan ou lan

Welcome to Florida's Medicaid Reform Choice Counseling Website

Panse a doktè oumenm ak fanmi w vle a

Lè w rantre nan nouvo plan asirans maladi ki nan Refòm Medicaid la, ou pral chwazi yon doktè kòm doktè pèsonèl ou Primary Care Provider (PCP). Doktè pèsonèl PCP ou la va ba w swen lasante epi li va refere w bay lòt doktè si w bezwen yo. Si w renmen doktè w gen koulyeya, epi w vle rete ak doktè sa a, ou dwe chwazi yon plan asirans maladi ki nan Refòm lan ki gen doktè a ladan. Ou ka rele yon konseye pou chwa Choice Counselor oswa mande ou doktè w nan ki plan asirans maladi li ye nan Refòm Medicaid la. Si doktè w la pa nan yon plan asirans maladi ki nan Refòm Medicaid la, rele yon konseye pou chwa Choice Counselor nan nimewo telefòn kote yo bay èd la: 1-866-454-3959; telefòn TDD (pou moun ki soud oswa ki tande di) 1-866-467-4970

Panse a sèvis oumenm ak fanmi w bezwen yo

Tout plan asirans maladi yo pa menm. Chèche plan ki sèvi bezwen medikal ou ak bezwen medikal moun nan fanmi w ki kalifye yo pi byen an. Sonje byen – Chak moun nan fanmi an ki kalifye pou Medicaid ka nan yon plan asirans maladi diferan epi yo ka gen doktè pèsonèl PCP diferan. Kèlkeswa plan asirans maladi ou chwazi a, yo tout fèt pou bay yon asirans sèvis.

Plan asirans maladi ki nan Refòm Medicaid nan Florida a va ofri sèvis Medicaid ki genyen koulyeya yo e menm sèvis sa yo:
  • Tout sèvis ki nesesè pou tretman maladi pou timoun ak fanm ansent
  • Sèvis doktè ak sèvis siplemantè nan men doktè
  • Swen pou malad ki entène lopital
  • Swen nan kadijans
  • Child Health Check-Up (CHCUP) ak lòt sèvis pou timoun
  • Swen matènite ak lòt sèvis pou fanm ansent
  • Sèvis pou transplantation
  • Terapi medikal/ak medikaman (chimiyo, dyaliz)
  • Planin
  • Operasyon pou malad ki pa entène
  • Laboratwa ak radyoloji
  • Transpòtasyon (kadijans ak ka ki pa ijan)
  • Sèvis lasante mantal pou malad ki pa entène
  • Sèvis nan lopital pou malad ki pa entène
  • Ekipman medikal dirab
  • Swen adomisil
  • Medikaman doktè preskri
  • Epi plis bagay ankò
Pou plis detay ale nan lyen Florida Medicaid Summary of Services (Rezime sèvis Medicaid nan Florida)

Sa w dwe konsidere anvan ou chwazi plan asirans maladi ou la oswa kontakte yon konseye pou chwa Choice Counselor:

Ou dwe reponn kesyon sa yo pou chak moun lakay ou ki kalifye anvan ou rele oswa al wè yon konseye pou chwa Choice Counselor. Sa va pèmèt konseye pou chwa Choice Counselor ede w chwazi yon plan pi byen.

  1. Ki kote w ale pou tretman maladi laplipa ditan?
    • Klinik doktè
    • Klinik
    • Lòt kote
    • Klinik medikal nan kominote a
    • Klinik lasante mantal
    • Saldijans
  2. Kouman yo rele doktè ak klinik/lopital kote w resevwa sèvis medikal ou yo?
  3. Si li posib, èske w ta renmen kontinye wè doktè w gen koulyeya?
  4. Èske w nan yon Managed Care Organization (Òganizasyon ki kontwole lasante) koulye a?
  5. Lè w bezwen swen medikal, kouman w fè pou w al wè doktè a?
  6. Èske w gen yon espesyalis wap wè?
  7. Kisa ki pi enpòtan ou bezwen pou lasante w ?
  8. Ki medikaman doktè preskri w pou w pran?
  9. Apade angle, èske gen yon lòt lang ou ta renmen doktè w pale oswa èske gen yon bagay espesyal ou bezwen pou kominikasyon (pa egzanp, langaj an siy) ?
  10. Si wap travay, Leta ka ede w peye pou asirans konpayi kote wap travay la bay la. Sa pap afekte kalifikasyon ou pou Medicaid. Èske w enterese?
  11. Si w gen yon pwoblèm maladi kwonik, èske w ta renmen yon plan asirans maladi ki sèvi pou tout bezwen medikal sa yo?

Chèche konn enfòmasyon sou plan asirans maladi ki nan Refòm Medicaid la ki disponib pou oumenm ak fanmi w. Nan Konte Broward

Plan sante nan konte Broward
Pou w ka ouvri dokiman ki piba a wap gen bezwen adobe acrobat reader. Si ou pa genyen adobe acrobat reader, kilke isit la pou w ka resevwa l gratis. kilke isit la pou w ka resevwa l gratis

Klike isit la pou w ka wè tablo ki konparé refom medicaid pou Timoun ansanb ak Fanmi nan konte Broward (si ou gen yon modem ki gen 56kbps, dokiman ap pren apeprè 1 minit pou l ouvri)

Klike isit la pou w ka wè tablo ki konparé refom Medicaid pou plan sante Granmoun ak Moun ki enfim nan konte Broward (si ou gen yon modem ki gen 56kbps, dokiman ap pren apeprè 1 minit pou l ouvri)

Pou plis infòmasion sou benefis ki gen nan plan sante ansanb ak extra sèvis, kontacté plan sante oswa relé moun nan biro Medicaid yo nan nimiro gratis sa 1-866-454-3959; TDD 1-866-467-4970

Deside ki plan asirans maladi ki sèvi nesesite oumenm ak fanmi w genyen pou swen lasante epi enskri.

Klike Isit-la pou Enskri: Etap 2

 

Pou w jwenn èd, rele nimewo telefòn gratis kote yo bay èd la: 1-866-454-3959; telefòn TDD (pou moun ki soud oswa ki tande di) 1-866-467-4970
Si w bezwen enfòmasyon Medicaid la an gwo lèt, sou teip pou tande oswa an Braille, rele nimewo telefòn kote yo bay èd la.

Nou byen kontan wè w | Enfòmasyon jeneral | Chwazi plan asirans maladi w la: Premye etap | Enskri: Dezyèm etap Kesyon yo poze souvan | Lyen ak Resous | Vokabilè swen lasante