Vokabilè sit la
Benefisyè - Yon moun ki kalifye pou Medicaid.
Kòz - Konnen kom “Pou Kòz” oubyen “Bon Kòz” leta apwouve chanjman plan lasante pou rezon sa yo pandan peryòd blòkaj (lock-in) la.
Konseyè Chwa - Konseye Chwa-a se yon sèvis gratis pou ede benefisyè Medicaid yo chwazi plan lasante ki pi bon pou yo. Chwazi yon plan ka difisil. Pou yon moun ak bezwen sante espesyal oubyen sikonstans espesyal, chwa ka pi difisil. Yon Konseyè Chwa se yon moun ki ede benefisyè-a konprann chwa plan sante yo epi enskri yo nan yon plan sante Medicaid.
Kopeman (pati pou peye) - Yon kopeman se valè lajan benefisyè-a peye pou chak visit oubyen tretman. Pa tout visit yo oubyen tretman yo mande pou yon kopeman. Timoun ak fanm ansent pa peye kopeman pou sèvis ki nesesè medikalman.
Enhanced Benefits Reward$ Pwogram - Yon pwogram ki rekonpanse-w paske-w patisipe nan aktivite ki ka amelyore sante-w. Ou ka genyen kredi pou aktivite sa yo, aktivite yo rele konpòtman sante (gade lyen anba), ke-w ka itilize pita pou-w achete bagay sante nan nenpòt famasi ki aksepte Medicaid (lis konplè pou medikaman ou ka achte san preskripsyon). http://ahca.myflorida.com/Medicaid/Enhanced_Benefits/index.shtml Ou pa bezwen fè anyen pou enskri nan pwogram sa-a. Wap enskri ladan-l otomatikman lè ou enskri ak nenpòt plan lasante Reform.
Konpòtman Sante - Konpòtman sante yo se konpòtman kap amelyore sante-w epi ou ka gen kredi nan kont Enhanced Benefits Reward ou-a. Egzanp konpòtman sante yo se:
- Egzamen pou timoun
- Egzamen sen/Egzamen fizik pou fanm
- Kriblaj Kolorektal
- Egzamen pou adilt
- Patisipasyon gestion pou maladi
- Patisipasyon nan pwogram pou tretman alkòl/dwòg
- Patisipasyon nan pwogram pou sispann fimen
- Patisipasyon nan pwogram pou pèdi pwa
- Patisipasyon nan pwogram egzèsis
Òganizasyon ki mentni lasante (HMO) - HMO yo se sosyete ki gen kontra ak yon sistèm nan swen lasante pwofesyonèl, tankou doktè, lopital ak laboratwa pou bay sèvis swen lasante.
Blokaj - Blokaj se peryòd lè benefisyè yo pa kapab chanje plan lasante yo, eksepte pou kòz.
Enskripsyon ouve (Open Enrollment)- Enskripsyon ouvè se 60 jou peryòd lè benefisyè yo ka chanje plan sante san kòz ke leta ba ou pou chanje plan. Enskripsyon ouvè pase chak ane nan dat anivèsè lè benefisyè-a te premye enskri nan yon plan.
Chwa pou pa enskri ak asirans kote-w travay (ESI) - Chwa pou pa enskri se yon pwogram nouvo anba Medicaid Reform kap pèmèt yon benefisyè itilize dola Medicaid pou achte asirans travay yo ofri (ESI).
Doktè pèsonel (PCP) - Yon PCP se yon doktè ki siveye sante-w, trete ti problèm sante-w, administè sante-w, epi ki refere-w ba yon espesyalis si sa nesesè.
Sistèm doktè sante (PSN) - PSN se sistèm ki delivre swen medikal ke lopital oubyen oganizasyon doktè mèt ak fonksyone. PSN yo gen yon sistèm ki gen doktè ak ofis ki founi swen lasante ki benefisyè ki enskri.
Peryòd 90 jou kalandriye pou chanje - Apre enskri nan yon plan swen lasante, benefisyè yo ki (1) nouvo elijib pou Medicaid oubyen (2) ki rejwenn elijibilite apre yo te san Medicaid pou 6 mwa ou plis oswa (3) ki change plan le dat Enskripsyon Ouvè (Open Enrollment) ap genyen 90 jou kalandriye pou eseye plan yo-a epi chanje pou yon plan nouvo, si yo vle.
Byenveni! | Enfòmasyon Jeneral | Chwazi plan-w : Etap 1 | Enskri: Etap 2 |
Kesyon yo poze souvan | Lyen ak Resous | Vokabilè sit la