Pou wè sak gen de nèf lan
Refòm Medicaid la, klike isit la!
Enfòmasyon Jeneral
Apwopo Refòm Medicaid la
Refòm Medicaid nan Florida se yon nouvo pwogram swen lasante pou benefisyè Medicaid ki pral ogmante chwa yo e ki ofri plis sèvis pou oumenm ak fanmi w.Welcome to Florida's Medicaid Reform Choice Counseling Website
Medicaid Reform te kòmanse nan zòn Broward avek Duval nan mwa Juillet 2006, et nan zòn Baker, Clay avek Nassau an Juillet, 2007. Dapre Refòm Medicaid la, se plan asirans maladi yo ki bay sèvis swen lasante yo. Plan asirans maladi yo ofri sèvis ki fèt pou bezwen kèk gwoup medikal an patikilye epi yo bay sèvis Medicaid pa ofri koulyeya. Benefisyè yo ka menm chwazi pou yo pa enskri ("Opt out - pou w sòti") nan yon plan asirans maladi Medicaid epi pou yo enskri nan plan asirans konpayi kote yap travay la bay la Employer-Sponsored Insurance (ESI).
Benefisyè ki patisipe nan pwogram konpòtman ki bon pou lasante "Healthy Behaviors- Konpòtman ki bon pou lasante" "va resevwa "kredi" nan pwòp kont pou benefis amelyore Enhanced Benefit Account (EBA)- Kont pou amelyore benefis pa yo. Ou ka itilize kredi sa yo pou achte atik tankou medikaman yo vann san preskripsyon, vitamin ak lòt pwodwi ki gen rapò ak lasante. Ou ka achte atik sa yo nan nenpòt famasi ki afilye ak Medicaid. Si w kite asirans Medicaid nan Florida, ou ka toujou itilize rès kredi ki rete nan kont pou benefis amelyore w la pou peye pou atik ki gen rapò ak lasante.
Chwazi yon plan asirans maladi se yon desizyon pèsonèl. Benefisyè Refòm Medicaid nan Florida yo va gen opòtinite pou yo pale ak yon konseye pou chwa Choice Counselor- Konsèy pou ede w chwazi. Konseye pou chwa a Choice Counselor pa travay pou okenn plan asirans maladi. Konseye pou chwa a Choice Counselor va ba w enfòmasyon an detay sou diferan plan asirans maladi ou ka itilize pou chwazi plan ki satisfè bezwen ou yo pi byen an.
Menm jan ak Medicaid ki gen nan Florida koulyeya, chak plan asirans maladi ki nan Refòm Medicaid nan Florida ofri:
- Tout sèvis debaz Medicaid nan Florida yo;
- Yon sistèm ki gen ladan li espesyalis, lopital, klinik ak famasi ou ka itilize, epi
- Yon seri doktè ou ka chwazi kòm doktè pèsonèl ou Primary Care Provider (PCP)
Anplis, Refòm Medicaid la va:
- Ba w plis plan asirans maladi pou w chwazi ladan yo
- Kite w chwazi plan asirans maladi ki ba w sa w bezwen pou swen lasante w pi byen an.
- Rekonpanse w paske w viv an bòn sante
- Mete sèvis Medicaid pa ofri koulyeya disponib pou ou.
- Pèmèt ou enskri nan asirans prive
Patisipasyon
Si w rete nan zòn Baker, Broward, Clay, Duval oubyen Nassau epi w gentan enskri nan Pwogram Florida Medicaid la, yo ka egzije w pou w enskri nan Pwogram Refòm Medicaid nan Florida a. Ou pral gen yon chwa pou swa yon Sistèm Sèvis Pwofesyonèl Medikal Provider Service Network (PSN) oswa yon Òganizasyon ki mentni lasante Health Maintenance Organization (HMO).
Pwogram Medicaid nan Florida va voye yon lèt ba w pou fè w konnen li lè pou w chwazi yon plan. Tanpri tcheke korespondans ou, paske wap gen 30 jou pou w chwazi yon plan.
Ou pa oblije patisipe si w se yon:
- Timoun ki nan plasman nan fanmi Foster Care/Timoun ki gen èd finansyè pou adopsyon Adoption Subsidy Child (ka enskri si yo vle)
- Moun ki gen andikap nan devlòpman yo (ka enskri si yo vle)
- Moun ki gen Medicare ak Medicaid (ka enskri si yo vle)
- Moun ki rete nan yon enstitisyon, sa vle di menm nan lazil moun malad ak nan sant sikyatri pou timoun ki poko gen 21 an, ki malad ki entène, ki gen maladi mwen grav kwonik.
- Enstitisyon pou swen entèmedyè/moun ki gen andikap nan devlòpman yo Intermediate Care Facilities/Developmentally Disabled Individual (ICF-DD)
- Benefisyè ki pa gen responsablite pou peye pou sèvis planin
- Benefisyè Medicaid ki gen lòt asirans ki kapab kredite kouvri li pou maladi
- Benefisyè ki gen bezwen medikal
- Moun ki enskri nan lazil ki bay swen pou moun ki gen maladi enkirab
- Moun ki kalifye pou Medicaid nan Florida sèlman paske yo ansent
Si w pa fin konnen nan ki popilasyon ou ye ak ki egzijans ki genyen pou w enskri, rele yon konseye pou chwa Choice Counselor nan nimewo telefòn gratis la 1-866-454-3959 oswa nan 1-866-467-4970 pou moun ki itilize telefòn TDD (pou moun ki soud oswa ki tande di).
Ki lè w dwe enskri nan Refòm Medicaid la?
Si w se yon nouvo benefisyè Medicaid yo egzije pou w enskri nan yon plan asirans maladi ki nan Refòm Medicaid la, ou va resevwa yon anvlòp "Check it Out" (tcheke sa a) vèt ak ble ki gen yon pake enskripsyon ak enfòmasyon sou plan asirans maladi ki nan Refòm lan nan zòn kote w rete a (oswa ale nan premye etap nan sit web sa a pou w ka wè plan yo). Ou va gen 30 jou pou w chwazi yon plan asirans maladi ki nan Refòm lan oswa "Opt-out" (chwazi pou soti) epi enskri nan yon plan asirans maladi nan konpayi kote wap travay la. Leta va chwazi yon plan asirans maladi ki nan Refòm lan si w pa chwazi yon plan asirans maladi anvan 30 jou pase.
Si w se yon benefisyè Medicaid koulyeya epi w nan yon gwoup benefisyè ki egzijibleman pase nan Refòm Medicaid la, ou va resevwa yon anvlòp "Check it Out" (tcheke sa a) vèt ak ble pa lapòs ki gen yon pake enskripsyon ladan ak enfòmasyon sou plan asirans maladi ki nan Refòm lan ki nan zòn kote w rete a (oswa ale nan premye etap nan sit wèb sa a pou w ka wè plan asirans maladi yo). Ou dwe chanje pou yon plan asirans maladi ki nan Refòm lan anvan 30 jou pase sou dat ou resevwa lèt notifikasyon ki vini nan anvlòp vèt ak ble "Check it Out" la (tcheke sa a). Si w pa chwazi yon plan asirans maladi oswa "Opt out - pou w sòti" (chwazi pou soti), Leta va chwazi yon plan pou ou.
Yon fwa w enskri nan yon plan asirans maladi ki nan Refòm lan, ou va gen 90 jou pou w chanje plan pou nenpòt rezon. Apre 90 jou peryòd esè a, ou va bloke nan plan an locked-in pou rès peryòd 12 mwa a, epi ou pa ka fè lòt chanjman anplis ankò pou jis pwoche peryòd enskripsyon an eksepte pou Cause- kòz.
Si w pa fè yon chwa epi si w pa enskri anvan 30 jou pase, leta va chwazi yon plan pou ou, dapre rezon sa yo:
- Si koulyeya ou nan yon òganizasyon ki kontwole swen managed care organization ki ofri yon plan ki nan refòm lan pou lemoman yo va mete w nan plan asirans maladi ki nan Refòm lan ki pi apwopriye òganizasyon sa a ofri a.
- Si koulyeya ou nan yon ‘òganizasyon ki kontwole swen managed care organization ki pa ofri yon plan ki nan Refòm lan, oswa si w nan MediPass yo va mete w nan yon plan asirans maladi ki nan Refòm lan dapre kondisyon ki genyen pou mete moun nan plan ki fèt pou satisfè bezwen ou yo.
CHWAZI PLAN KI PI BON POU OUMENM AK FANMI W LAN EPI ENSKRI
Pou kòmanse, ale nan chwazi plan ou lan (Premye etap)
Si w bezwen enfòmasyon Medicaid la an gwo lèt, sou teip pou tande oswa an Braille, rele nimewo telefòn kote yo bay èd la.
Nou byen kontan wè w | Enfòmasyon jeneral | Chwazi plan asirans maladi w la: Premye etap | Enskri: Dezyèm etap Kesyon yo poze souvan | Lyen ak Resous | Vokabilè swen lasante
