Kesyon yo poze souvan
- Kilè chanjman-yo ap vin efektif?
Refòm Mediked Laflorid-la kòmanse 1ye jiyè 2006; sepandan, peryòd enskripsyon-an ap dire tout premye ane-a.
- Kijan y’ap notifye-mwen?
W’ap resevwa yon lèt nan men Mediked Laflorid-la k’ap di-ou kilè ou dwe chwazi yon plan epi apre sa w’ap gen 30 jou pou ou chwazi yon plan. Ou gen dwa kontakte yon Konseye pou Chwa, ki pwal gade diferan plan-yo avèk-ou epi diskite sou ki kote founisè-ou sitiye. Enfòmasyon sou kijan pou ou kontakte yon Konseye pou Chwa ap enkli nan pake-ou a.
- Èske y’ap fòse-mwen chwazi yon plan swen medikal nan Refòm Mediked Laflorid-la?
Si yo egzije-ou pou ou patisipe nan Refòm Mediked Laflorid-la, w’ap gen pou ou chwazi yon plan sante nan Refòm Mediked Laflorid-la anvan 30 jou. Si ou pa chwazi y’ap asiyen-ou yon plan swen sante – men jan sa ye kounyeya. Ou ka antre nan yon plan sante Refòm nenpòt ki lè apre 1/7/2006. Plan sante-a se chwa pa-ou, yo pa dwe fòse-ou antre nan yon plan.
- Èske m’ap gen yon kopeman, ko-asirans ak/oswa yon dediktib ak plan swen sante Refòm-yo?
Pa gen dediktib nan plan sante Refòm Mediked Laflorid-yo. Kopeman/Ko-asirans pa ka pi wo pase sa Mediked Laflorid te mande anvan refòm-nan. Timoun pap gen kopeman ni ko-asirans.
- Kijan m’ap konnen ki plan swen sante pou mwen chwazi?
Yon Konseye pou Chwa, ki resevwa fòmasyon sou diferan plan Refòm Mediked-yo, ap asiste-ou nan fè chwa enpòtan sa-a. Ou dwe reflechi sou ki sèvis Mediked Laflorid ki pi enpòtan pou ou-menm ak bezwen fanmi-ou an swen medikal. Ki founisè Mediked Laflorid ki pi enpòtan pou ou – kiyès ou ta dwe mete nan tèt lis-ou? Èske gen lòt sèvis ke Mediked Laflorid pa kouvri epi ke youn nan nouvo plan Refòm-nan kouvri? Sonje, plan sante-a se chwa pa-ou.
- Èske m’ap pèdi doktè primè-mwen an ak/oswa toujou gen aksè ak menm espesyalis ke mwen itilize kounyeya?
Laplipa doktè/espesyalis swen primè-yo ap enskri nan omwen youn (yo kapab enskri nan plizyè) plan swen sante Refòm Mediked Laflorid-la. Ou dwe pale ak doktè-ou pou konnen nan ki plan l’ap antre.
- Èske pitit-mwen ap pèdi terapi ke l’ap swiv kounyeya?
Non, tout sèvis kineziterapi, ègoterapi, òtofoni, ak terapi respiratwa pou timoun ke Pwogram Mediked Laflorid-la kouvri kounyeya ap kontinye avèk plan sante Refòm Mediked Laflorid-la, toutotan yo nesesè medikalman. Plan Refòm Mediked Laflorid-yo kapab tou ofri terapi ke Mediked Laflorid-la pa kouvri.
- Èske plan sante Refòm-nan ofri menm sèvis ke mwen resevwa jodi-a, oswa èske plan sante Refòm-nan limite kantite vizit, espesyalite, ak dire chak vizit?
Wi, plan sante Refòm Mediked Laflorid-yo ap kontinye ofri sèvis ki nesesè medikalman bay timoun ak fanm ansent. Pou tout lòt moun-yo sèvis ki disponib jodi-a ap kontinye disponib, men plan-yo gen dwa gen diferan nivo kouvèti.
- Mwen enskri nan yon Esepsyon ki baze sou kay ak kominote. Kijan Refòm-nan ap afekte sèvis sa-yo?
W’ap resevwa sèvis sa-yo menm jan ou resevwa-yo jodi-a.
- Èske plan sante Refòm-nan ap peye pou transpò pou al nan randevou-yo?
Wi, transpò ap yon sèvis ki kouvri nan Refòm Mediked Laflorid-la.
- Èske plan sante Refòm-nan ap peye pou ekipman medikal dirab pou pitit-mwen (egzanp: aparèy òtopedik, Wòkè, Chèz woulan)?
Wi, plan sante Refòm Mediked Laflorid-yo ap ofri ekipman medikal dirab ki nesesè medikalman.
- Èske tout moun nan fanmi-mwen dwe enskri nan menm plan-an?
Non, nou kapab enskri nan plan diferan.
- Kijan mwen ka jwenn plis enfòmasyon sou Refòm Mediked Laflorid-la?
Rele yon Konseye pou Chwa nan 1-866-454-3959, TDD 1-866-467-4970, depi nan lendi rive nan vandredi, 8am rive 7pm oswa samdi depi 9am rive 1pm.
Si w bezwen enfòmasyon Medicaid la an gwo lèt, sou teip pou tande oswa an Braille, rele nimewo telefòn kote yo bay èd la.
Nou byen kontan wè w | Enfòmasyon jeneral | Chwazi plan asirans maladi w la: Premye etap | Enskri: Dezyèm etap Kesyon yo poze souvan | Lyen ak Resous | Vokabilè swen lasante