Benefis: Transpò nan ka ki pa pou ijans (NEMT) |
Definisyon: Transpò pou kèlkeswa benfisyè a, asistan swen pèsonèl oswa akonpayatè, sis a nesesè, ki pa gen lòt mwayen transpò ki disponib pou rive nan kèlkeswa sèvis nesesè Medicaid kapab endmenize pou kapab resevwa tretman, pou yon evalyasyon medikal oubyen pou terapi. Sèvis NEMT yo pa gen ladann transpò nan anbilans. Se Komite Florid pou Transpò Moun ki Defavorize, sèten Òganizasyon Sèvis swen sante entegre (HMO) Refòm ak Rezo Sèvis Founisè (PSN) Refòm yo ki founi sèvis NEMT Medicaid yo. |
Limit yo: Sèvis NEMT yo disponib sèlman pou benefisyè ki elijib yo ki pa kapab jwenn transpò pou kont yo grasa kèlkeswa mwayen ki disponib yo tankou fanmi, zanmi oswa resous kominotè. Sèvis NEMT yo pwograme grasa Kowòdinatè Transpò Kominotè (Community Transportation Coordinator – CTC) nan chak konte ki anba kontra avèk Komite pou Transpò Moun ki Desavantaje. Tout transpò yo dwe dwe trè ekonomik, jan sa posib e li dwe itilize mwayen transpò ki pi apwopriye ki disponib. Transpò ijans pa bezwen okenn otorizasyon men founisè anbilans land we endike alekri ki ijans lan medikalman nesesè pou chak benefisyè Medicaid li transpòte nan yon veyikil pou ijans. |
Eksepsyon yo: RBenefisyè yo ki enskri nan yon Medicaid HMO oswa PSN ki founi transpò nan kad sèvis li yo dwe jwenn tout transpò Medicaid yo grasa rezo founisè transpò HMO oswa PSN la. Si HMO oswa PSN lan pa founi sèvis NEMT, ebyen Kowòdonatè Transpò Kominotè a pral òganize transpò a nan konte rezidans benefisyè a. Sèvis anbilans ki pwograme (mentyen avanse fonksyon vital oswa mentyen fonksyon vital) pa reprezante transpò ijans. Tout sèvis anbilans ki pwograme yo dwe otorize anvan yo founi sèvis la. |
Montan lajan w ap dwe peye: Pòsyon benefisyè a dwe peye se $1 pou sèvis transpò pou chak deplaseman ale senp, sòf si benefisyè a gen egzanpsyon. Deplasman ale ap egzije pou w peye de (2) fwa pòsyon nan lajan ou dwe kontribye nan depans total pou sèvis sa yo, swa $2. |
Atik Refòm ki gen dwa chanje: Montan lajan w ap dwe peye |