Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Doktè jeneralis (PCP)

Definisyon:  Doktè a k ap administre swen yon pasyan anjeneral e ki ba l tetman pou yon blesi, yon pwoblèm sante oswa yon maladian patikilye. PCP a kapab oryante pasyan an al jwenn yon espesyalis lè swen pasyan an bezwen depase konpetans PCP a.

Limit yo:  Ranbousman Medicaid pou sèvis yon doktè founi gen limitasyon:

  • Yon kontak doktè-benfisyè pa espesyalizasyon founisè, pa jou (eksepte pou ka ijans);
  • Yon sèvis etablisman swen sante alontèm pa doktè, pa mwa, pa benefisyè (eksepte pou ka ijans);
  • Yon konsiltasyon doktè pa 365 jou, pa doktè nenpòt espesyalizasyon, pa benefisyè (pou benefisyè Medicaid ki pa sejoune lopital);
  • Dis (10) vizit prenatal pa benfisyè pa gwosès. Yo gen dwa ranbouse jiska 14 vizit siplemantè pou gwosès ki gen anpil risk. De (2) vizit ki medikalman nesesè apre nesans tibebe a pa benefisyè pa gwosès; e
  • Yon evalyasyon nouvo pasyan ak jesyon sèvis pou yon domèn espesyalizasyon doktè, chak twa (3)zan, si doktè a pa t bay benefisyè a okenn sèvis pandan twa (3) lane ki sòt pase yo. Y ap ranbouse lòt randevou yo menmjan ak pou evalyasyon ak sèvis jesyon pou pasyan nòmal yo.

Medicaid pa ranbouse chiriji estetik oswa chiriji eksperimantal, ni okenn pwosedi eksperimantal.

Egzamen pou zye ranbousab sèlman si yo gen pou wè ak pwoblèm vizyon oswa maladi oubyen blesi nan zye.

Operasyon chirijikal ki pa ijan yo reyalize pandan pasyan an admèt lopital la dwe nesesè medikalman e otorize alavans, eksepte pou benefisyè ki gen 20tan oswa mwens ki te sibi yon Analiz Kontwòl Sante Timoun (Child Health Check-Up) pandan 12 dènye mwa yo anvan dat operasyon an.

Medicaid pa ranbouse avòtman, eksepte pou youn nan rezon ki annapre yo :

  • si fanm lan gen yon pwoblèm fizik, yon blesi fizik oswa yon maladi fizik, ikonpri yon pwoblèm sante ki menase lavi l poutèt oswa ki gen pou wè ak gwosès li kit a mete lavi fanm sa a andanje, sòf si yo fè yon avòtman pou li;
  • Tsi fanm lan gwòs akòz li te viktim ensèst; oswa
  • Si fanm lan vin gwòs poutèt yo te vyole li.

Eksepsyon yo: Founisè an gen dwa mande yon otorizasyon alavans pou ranbouse sèvis ki medikalman nesesè yo ki depase limit yo fikse pou sèvis yo.

Montan lajan w ap dwe peye: $2 pou sèvis doktè yo, pa founisè, pa jou, ekspete si pasyan an egzanpte.

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Montan lajan w ap dwe peye