Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Sèvis Doktè-adjwen (PA)

Definisyon: PA se founisè swen sante kalifye ki resevwa fòmasyon medikal ki egzèse lamedsin anba sipèvizyon yon doktè. PA yo gen dwa fè egzamen ak pwosedi, voye pasyan fè tretman, dyagnostike maladi, preskri medikaman, entèprete test dyagnostik, voye pasyan yo al jwenn espesyalis lè sa nesesè e ede pandan operasyon yo. PA yo gen dwa egzèse nan kèlkeswa domèn espesyalizasyon medikal oswa chirijikal.

Limit yo:  Ranbousman Medicaid pou sèvis doktè-adjwen limite pou:

  • Yon kontak doktè-adjwen-benefisyè pa jou (eksepte pou ijans yo);
  • Yon vizit nan yon etablisman swen alontèm pa mwa, pa benefisyè (eksepte pou ijans yo); e
  • Yon sèvis evalyasyon ak jesyon pou nouvo pasyan pa doktè-adjwen, pa benefisyè chak twa (3) lane, si doktè-adjwen an pa t founi pasyan okenn sèvis pandan twa (3) lane sa yo. Lòt randevou yo dwe ranbouse menjan ak pou sèvis evalyayson ak jesyon pasyan ki pa nouvo. Doktè k ap sipèvize a pa gen dwa faktire okenn lòt vizit kòm nouvo pasyan pou yon doktè adjwen te deja egzamine pasyan an kòm nouvo pasyan.

Medicaid pa kapab rabouse yon doktè-adjwen ak yon doktè pou menm pwosedi a, menm benefisyè a ak menm dat sèvis la. Medicaid gen dwa ranbouse yon chirijyen pou yon sèvis chiriji e yon doktè-adjwen pou sèvis asistans pandan chiriji a.

Eksepsyon yo : Founisè a gen dwa mande yon otorizasyon pou ranbouse sèvis ki depase limit ki fikse pou sèvis yo.

Montan lajan w ap dwe peye: $2 pou sèvis PA yo, pa founisè, pa jou, eksepte si pasyan an egzanpte.

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Montan lajan w ap dwe peye