Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Famasi

Definisyon: Medikaman yon doktè preskri pou geri yon maladi oswa yon pwoblèm sante oubyen pou anpeche yon enfeksyon. Medicaid kouvri pifò medikaman yo itilize pou pasyan ki pa dòmi lopital, ikonpri medikaman yo administer avèk sereng. Pifò medikaman yo ki endike nan Lis Medicaid pou Medikaman Prefere (PDL) disponib san otorizasyon alavans (PA). Medikaman yo ki pa endike nan PDL la dwe gen otorizasyon alavans (PA).

Limit yo:  Medicaid pa ranbouse famasi yo pou prodwi ki annapre yo:

  • Medikaman ki redwi grangou w (eksepte si yo preskri w li pou yon bagay ki pa pou eksedan pwa)
  • Medikaman konbinezon pou latou ak larim pou benefisyè ki gen omwens 21 lane
  • Medikaman DESI ki inefikas, ki sou lis Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS) yo
  • Medikaman pou pasyan k ap sejoune lopital oubyen y ap swen nan etablisman lopital akòm pasyan ekstèn oubyen nan sant chiriji anbilatwa
  • Medikaman pou swen maladi ki pral tiye pasyan ki nan sant swen payatif (lospis) kanmenm
  • Medikaman yo bay pou gery enfètilite (difikilte pou fanm ansent)
  • Medikaman ki eksperimantal
  • Medikaman pou Disrekesyon
  • Losyon pouf è pouse cheve yo ansanm ak lòt medikaman ki gen yon izaj kosmetik
  • Vaksinasyon yo ki pa pou benefisyè Analiz Kontwòl Sante Timoun (Child Health Check-Up) ki gen omwens 21nan, eksepte pou lagrip enfliyenza ak vaksen nemokosik pou benefisyè k ap dòmi lopital
  • Pwotèz, enstriman ak aparèy (eksepte prodwi pou dyabetik ak prodwi yon itilize kòm kontraseptif)
  • Vitamin (eksepte pou vitmanin prenatal pou fanm ki ansent e k ap bay tibebe yo tete ki melanje ak asid folik nan menm grenn lan; yon vitamin oswa yon preskripsyon pou vitamin/minewo pa mwa pou pasyan ki fè dyaliz, vitamin pou timoun ki gen fliyò ladann pou timoun ki gen 12zan oswa mwens); e silfat de fè yo preskri, glikonat oubyen fimarat pou pasyan ki pa dòmi lopital (silfat de fè, glikont ak fimarat, si yo disponib kòm machandiz an stòk pou pasyan ki dòmi lopital yo); e
  • Tout lòt prowdi yo bay san preskripsyon ki pa endike anlè a

Yo dwe preskri medikaman yo pou endikasyon ki aksepte medikalman.

Medicaid pa ranbouse medikaman ki pa endike nan akò rabè fabrikan yo. Yo dwe preksri medikaman yo pou endikasyon ki medikalamn aksepte sèlman.

Li nesesè pou gen yon otorizasyon alavans (PA) pou medikaman ki annapre yo: Actiq®, albumin, Aranesp®, Botox®, Cytogam®, Fuzeon®, òmonn kwasans pou adilt ki defisyan, gamma globilin, Leukine®, Neupogen®, Neurontin®, Neulasta®, Neutrexin®, Orfandin®, Oxycontin®, Panretin®, Proleukin®, Provigil®, Procrit®, Serostim®, Targretin® jèl ak grenn, Regranex® nan etablisman sante alontèm yo, Vfend®, Valycte®, Xenical®, Venofer®, ansanm ak òmonn kwasans imen pou adilt pou VIH/SIDA. Medikaman pou VIH/SIDA pa bezwen respekte restriksyon PDL yo.

Li nesesè pou gen yon otorizasyon alavans (PA) pou tout medikaman yo te preskri w ki pa sou PDL la. Medikaman anti-retwoviral pou VIH/SIDA pa bezwen respekte restriksyon PDL yo.

Medicaid trete tout demann preksripsyon grasa Konsèy revizyon itilizasyon medikaman (Drug Utilization Review – DUR) e li p ap ranbouse okenn preskripsyon pasyan an renouvle twò souvan oswa twò bonè, ki vin double efè lòt preskripsyon yo oubyen ki pèmèt benefisyè an pran dòz ki twò fò pou li.

Eksepsyon yo:  Yon founisè dwe mande e resevwa otorizasyon pou tout medikaman ki reprezante yon eksepsyon ki pa sou lis PDL la.

Montan lajan w ap dwe peye: Pa genyen

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Kantite radyografi; montan total anyèl ak plan yo gen dwa chanje medikaman ki otorize yo. Benefisyè yo ki soufri maladi kwonik gen dwa bezwen verifye si medikaman yo pran pou swen oubyen pou jere eta sante yo sou yon fòmilè (esplikasyon alekri tout fòmil ki entegre pou fabrike medikaman an) plan sante (lis medikaman ki otorize yo).