Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Sèvis sante mantal

Definisyon: pou kapab amelyore sante mantal yon moun oubyen pou swen yon maladi mantal. Yo founi sèvis sante mantal yo nan divès kad, pa egzanp nan klinik santemantal kominotè, nan lopital pou pasyan ekstèn ak nan klinik doktè. Sikològ ki travay nan lekòl yo gen dwa founi timoun ki gen mwens pase 18tan sèvis sa yo tou. Gen yon lòt sèvis adisyonèl : sèvis jesyon ka sante mantal ki sible. Objektif jesyon ka sante mantal ki sible se pou asiste benefisyè yo jwenn aksè nan sèvis medikal, sosyal, edikasyon – ak lòt sèvis toujou – yo ta bezwen.

Limit yo:  Medicaid pral ranbouse:

  • Jiska 344 inite (15 minit egal yon inite) sèvis jesyon ka sante mantal ki sible pa mwa, pa benefisyè; e
  • Jiska 48 inite sèvis entansif yon ekip ap founi pa benefisyè, pa jou.

Eksepsyon yo: Pa genyen

Montan lajan w ap dwe peye: Pa genyen

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Pa genyen