Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Matènite / Sèvis Planning Familyal

Definisyon:
Matènite/ Sèvis saj-fanm disponib bab etablisman yo e yo founi sèvis obstetrik (swen medikal ki pou yon fanm ak tibebe li pandan gwosès, akouchman ak peryòd ki vini touswit apre nesans tibebe a), jinekolojik (swen medikal ki konsantre sou ògann repwodiksyon fanm yo) ak planning familyal (al gade definisyon ki annapre a).

Medicaid ranbouse sèvis matènite pou:

  • Sèvis planning familyal anvan akouchman;
  • Sèvis jinekolojik;
  • Premye egzamen konplè ak prenatal yo;
  • Jesyon travay anvan akouchman an pou benefisyè yo transfere lopital;
  • Evalyasyon tibebe ki fèk fèt;
  • Egzamen apre akouchman;
  • Konvalesans apre akouchman;
  • Sèvis ijans ki gen pou wè avèk gwosès; e
  • Akouchman nòmal.

Sèvis planning familyal gen ladann aktivite edikasyon, medikal oswa sosyal pou ede yon moun, ikonpri timoun ki gen mwens pase 18tan, deside volontèman konbyen timoun yo vle ak konbyen lane yo vle tann ant chak timoun, pou jwenn enfòmasyon konsènan maladi ki transmisib seksyèlman ak kontwòl nesans.

Limit yo:  Matènite -- Ranbousman Medicaid pou sèvis matènite limite pou:

  • Yon vizit planning familyal konplè, pa ane, pa benifisyè;
  • Yon iltrason pa gwosès;
  • Dis (10) vizit prenatal pa benefisyè pa gwosès;
  • De (2) vizit apre akouchman, ki gen ladann egzamen toulede manman ak tibebe a; e
  • Yon evalyasyon tibebe ki fèk fèt.

Konvalesans apre akouchman nan matènite limite pou 24è.
Sèvis saj-fanm ki kalifye: Medicaid ranbouse –

  • Yon vizit, pa jou, pa benefisyè.
  • 10 vizit prenatal pa benefisyè pa gwosès
  • 2 vizit apre akouchman pa benefisyè pa gwosès.
  • Evalyasyon tibebe ki fèk fèt limite pou yon evalyasyon pa benefisyè.

Eksepsyon yo: Pa genyen

Montan lajan w ap dwe peye: Matènite : W ap dwe peye $2 kòm pòsyon pa w nan depans yo pou sèvis jinekolojik, pa founisè, pa jou, eksepte si benefisyè a gen egzanpsyon.
Sèvis saj-fanm kalifye: Pa genyen

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Pa genyen