Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Laboratwa / Reyon Iks

Definisyon:   Yon laboratwa se yon andwa kote yo fè test pou jwenn enfòmasyon osijè eta sante yon pasyan. Yon reyon iks se yon foto yon bagay tankou yon zo, yon jwenti, yon miskl oswa yon ògann pou detèmine eta sante yon moun. Yo founi sèvis laboratwa ak reyon iks nan divès kad, pa egzanp, pou pasyan entèn lopital, pasyan ekstèn lopital, nan biwo yon doktè oubyen nan yon klinik.

Limit yo:  Laboratwa –Kantite fwa yo fè sèten test gen dwa limite.
Reyon-iks : -- Ranbousman Medicaid pou sèvis reyon iks pòtab limite pou yon inite sèvis, pa pwosedi, pa benefisyè, pa jou.

Eksepsyon yo:  Eksepsyon pou laboratwa : Yo gen dwa depase limit nan frekans pou sèten kòd pwosedi selon kòd dyagnostik yo.

Montan lajan w ap dwe peye: Laboratwa yo: Benefisyè a ap dwe peye $1 pou tèt pa l pou sèvis yon laboratwa endepandan founi, pa founisè, pa jou, sòf si benefisyè a egzanpte.

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Pa genyen