Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Chiriji pou pasyan ki pa sejoune lopital

Definisyon: AYon pasyan ekstèn se yon pasyan ki pa dòmi lopital men ki ale lopital, nan yon klinik oswa nan yon etablisman pou kapab jwenn dyagnostik oswa tretman. Tretman yo founi konsa rele swen anbilatwa oswa swen ekstèn.

Limit yo: Kouvèti Medicaid pou sèvis pasyan ki pa dòmi lopital limite pou $1,500 pa benefisyè, pa lane fiskal Eta a (1ye jiyè rive 30 jen) pou benefusyè ki gen 21nan oswa plis. Pa gen limit ranbousman pou timoun ki gen 20tan oswa mwens.

Eksepsyon yo: Eksepsyon nan limit konsènan lane fiscal pou pasyan ekstèn akseptab pou pwosedi chirijikal yo fè pou yon pasyan ki pa dòmi lopital, pou akouchman yon timoun, sèvis chimyoterapi ak sèvis dyaliz. Men kèk egzanp swen chiriji pou pasyan ekstèn : chiriji katarak, parasentèz (fè yon twou nan tenpan an pou drene yon otit) avèk ensèsyon yon tib, ablasyon mastoyid senp, ligasyon e anlèvman venn varies nan janm, reparasyon èrni engwinal, ligasyon twonp, ligasyon vas deferens e dilatasyon ak kirtaj.

Medicaid pral ranbouse sèvis pasyan ekstèn lopital yon lopital ki pa patisipe nan Medicaid te founi pandan yon ijans, pou tout dire ijans lan.

Montan lajan w ap dwe peye: $3 pou chak vizit lopital oswa vizit nan klinik kòm pasyan ekstèn, sòf ki benefisyè a egzanpte. Epitou gen yon ko-asirans senk pousan sou premye $300 yon peman Medicaid pou vizit nan sal ijans pou resevwa sèvis ki pa pou ijans ki pa depase $15.00, sòf si benefisyè a egzanpte.

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Pa genyen