Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Sèvis dantè – Timoun ki gen 20tan oswa mwens

Definisyon: Pwosedi dantè yon danti konpetan Medicaid apwouve kapab fè. Pami sèvis yo, genyen:

  • Aparèy dantè, konplè ak pasyèl;
  • Egzamen pou dyagnostik;
  • Endodontik (ki gen pou wè ak andedan dan an ak tisi ki antoure rasin yon dan)/ Tretman periodontik (ki gen pou wè ak maladi ak pwoblèm sante ki afekte estrikit ki sipòte dan an, tankou jansiv yo ak zo machwa a);
  • Chiriji oral;
  • Tretman òtodontik (ki okipe aliyman dan yo pou yo plase kotakot regilyèman nan bouch pasyan an);
  • Sèvis peryodontik (ki gen pou wè ak maladi ak pwoblèm sante ki afekte estrikti ki sipòte dan an, tankou jansiv ak zo machwa a);
  • Sèvis prevansyon;
  • Restorasyon yo; e
  • Reyon iks/radyografi ki nesesè pou etabli yon dyagnostik.

Limit yo: Medicaid pa ranbouse sèvis ki annapre yo:

  • Travay yo fè sou aparèy fiks yo mete nan dan (bridge); oswa
  • Rezin pou sele dan yo ki aplike sou premye dan tibebe yo.

Medicaid ap ranbouse pou aplikasyon rezin pou sele dan yo sou premye ak segon molè pèmanan yo yon fwa chak twa (3) lane, pa dan.

Konsènan òtodontik, sèvis Medicaid yo limite pou yon tretman maloklizyon grav oswa koreksyon yon pwoblèm dan ki anpeche devlopman fizik.

Li obligatwa pou jwenn yon otorixasyon alavans pou aparèy dantè pasyèl ak pou tout sèvis òtodontik yo, eksepte premye evalyasyon an.

Eksepsyon yo: Founisè a gen dwa egzije yon otorizasyon alavans pou ranbouse sèvis yo ki koute depase sèvis ki fikse pou sèvis sa yo.

Montan lajan w ap dwe peye: Pa genyen

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Yo gen dwa limite montan total anyèl la.