Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Kaywopraktè

Definisyon:  Yon kaywopraktè se yon pwofesyonèl swen sante altènatif e gratis ki kapab dyagnostike ak swen pwoblèm mekanik nan rèl do ak nan sistèm miskl yo pou kapab amelyore eta sante pasyan an. Sèvis kaywopraktè yo itilize tretman manyèl ki gen ladann ajisteman rèl do ak lòt manipilasyon jwenti ak tisi mou. Sèvis kaywopraktè yo gen ladann vizit pou nouvo pasyan, manipilasyon swivi rèl do a, ak reyon Iks yon kaywopraktè konpetan ki patisipe nan Medicaid. Vizit nouvo pasyan yo gen ladann yon tès deteksyon ansanm ak kèlkeswa manipilasyon rèl do ki nesesè a.

Limit yo: Ranbousman Medicaid pou sèvis kaywopraktè limite ak yon sèl vizit kay yon kaywopraktè Medicaid apwouve, pa benefisyè, pa jou. Vizit yon nouvo pasyan limite ak yon vizit pa founisè, pa benefisyè. Yon nouvo pasyan se yon pasyan ki pa resevwa okenn sèvis pwofesyonèl nan men yon founisè oswa yon gwoup founisè pandan twa (3) dènyè lane yo.

Kantite vizit yo limite a 24 vizit omaksimòm kid we medikalman nesesè e apwopriye pandan yon lane sivil.

Medicaid pa ranbouse masaj oswa tretman avèk chalè.

Eksepsyon yo:  Founisè a gen dwa mande otorizasyon pou founi plis pase 24 vizit ki medikalman nesesè yo pou benefisyè ki gen 20tan oswa mwens.

Montan lajan w ap dwe peye: W ap dwe peye $1 kòm pòsyon ou dwe peye a pou sèvis kaywopraktè yo, pa founisè, pa jou, eksepte si benefisyè a egxanpte.

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Yo gen dwa redwi kantite vizit yo; yo gen dwa redwi montan anyèl total la; e pòsyon lajan w ap dwe peye a gen dwa varye.