Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Chiriji anbilatwa (pou pasyan ki pa ret dòmi lopital)

Definisyon: Chiriji anbilatwa se yon pwosedi ki pi entansif pase yon pwosedi yo fè nan klinik yon doktè nòmal, men ki pa sitèlman entansif pou pasyan an blije dòmi lopital. Li kouvri pwosedi chirijikal Sant pou Sèvis Medicare e Medicaid (CMS) apwouve, yon etablisman otorize Medicare apwouve e ki patisipe nan Medicaid e ki pa fè pati yon lopital.

Limit yo:  Pwosedi chirijikal yo limite pou sèvis ki :

  • Anjeneral pa ijan oswa lè lavi pasyan an pa andanje;
  • Pa depase 90 minit tan operasyon omaksimòm;
  • Pa depase yon total kat (4) èdtan pou pasyan an refè oswa tan konvalesans;
  • Pa egzije yon penetrasyon enpòtan andedan kavite kò pasyan an oswa ki pa aji sou veso sangen enpòtan;
  • Anjeneral pa koze gwo pèt san; e
  • Mande pou yo fè operasyon an nan yon sal ki sèvi sèlman pou fè operasyon.
Anestezi a limite pou anestezi lokal, rejyonal oswa jeneral ki dire 90 minit oswa mwens.

Eksepsyon yo: Pa genyen

Montan lajan w ap dwe peye: Pa genyen

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Pa genyen