Medicaid Enfòmasyon konsènan benefis yo

 

Benefis: Anbilans

Definisyon: Eta Florid peye pou transpò nan anbilans rive nan lopital ki pi pre a pou tretman ijans. Transpò nan elikoptè disponib anjeneral lè sa nesesè medikalman. Transpò nan anbilans disponib tou pou tout deplasman ki pa nan ka ijans pou swen sante lè lòt mwayen deplasman pa apwopriye medikalman.

Limit yo:  Tout transpò nan anbilans dwe trè ekonomik, jan sa posib e li dwe itilize mwayen transpò ki pi apwopriye a ki disponib. Anjeneral, yo egzije lòd yon doktè (transpò ki pa nan ka ijans) ak dokimantasyon ki montre li nesesè medikalman (transpò nan ka ijans), e nan sèten ka, otorizasyon alavans.

Eksepsyon yo: Pa genyen

Montan lajan w ap dwe peye: Pa genyen

Atik Refòm ki gen dwa chanje: Pa genyen